Chèche konnen si w bezwen ranpli yon deklarasyon enpo

Nan seri sa a:

Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Tcheke si w bezwen ranpli
Rasanble dokiman w yo
Jwenn kredi ak dediksyon
Depoze deklarasyon w lan
Jwenn ranbousman w
Peye enpo w yo a lè
Pare pou w ranpli enpo ane pwochen


Ki moun ki dwe ranpli

Pifò sitwayen ameriken (an anglè) oswa rezidan pèmanan yo (an anglè) ki travay Ozetazini dwe ranpli yon deklarasyon enpo.

Anjeneral, ou bezwen ranpli si:

Li ka nan avantaj ou pou w ranpli menmsi w pa oblije.

Kantite revni ki fè l obligatwo pou w ranpli

Si w potko gen 65 nan fen ane 2023 a 

Si estati ranpli w se: Fè yon deklarasyon enpo si revni brit ou te omwen:
Selibatè $13 850
Chèf kay $20 800 oswa plis
Moun marye ki ranpli ansanm $27 700 oswa plis (toulede konjwe yo poko gen 65 an)
$29 200 oswa plis (Yon konjwen poko gen 65 an)
Marye men ranpli separeman $5 oswa plis
Konjwen sivivan kalifye $27 700 oswa plis

Ou ka bezwen depoze yon deklarasyon menmsi w te fè mwens revni, pou w jwenn ranbousman prelèvman anplwayè w la te retire nan revni w.

Si w te gen 65 an oswa plis nan fen 2023 

Si estati ranpli w se: Fè yon deklarasyon enpo si revni brit ou te omwen:
Selibatè $15 700 oswa plis
Chèf kay $22 650 oswa plis
Moun marye ki ranpli ansanm $30 700 oswa plis (both spouses 65 or older)
Marye men ranpli separeman $5 oswa plis
Konjwen sivivan kalifye $29 200 oswa plis

Depandan

Sèvi ak tablo sa a si paran w oswa yon lòt moun ka reklame w kòm depandan.

Rèvni w touche: Salè, konpansasyon, poubwa, frè pwofesyonèl, ak bous ak sibvansyon ki enpozab.

Revni w pa touche: Enterè enpozab, dividann òdinè, ak distribisyon pwofi kapital, konpansasyon pou chomaj, benefis Sekirite Sosyal ki enpozab, pansyon, anwite ak distribisyon revni ki pa touche nan men yon fidisi.

Gross income: Earned plus unearned income.

Revni brit: Revni w te touche ak revni w pa t touche.

Ou ka bezwen reponn kesyon pou w konnen si w dwe ranpli (an anglè)

Si estati ranpli w se: Depoze yon deklarasyon enpo si nenpòt nan sa yo applike avè w:
Selibatè ki poko gen 65 an Revni w pa t touche te pi plis pase $1 250
Revni w te touche te pi plis pase $13 850
Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
  • $1 250, oswa
  • Revni w te touche (jiska $13 450) plis $400
Selibatè ki gen 65 an oswa plis Revni w pa t touche te pi plis pase $3 100
Revni w te touche te pi plis pase $15 700
Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
  • $3 100, oswa
  • Revni w te touche (jiska $13 450) plis $2 250
Moun marye ki poko gen 65 an Revni brit ou te $5 oswa plis epi konjwen w te depoze yon deklarasyon separeman, e li te detaye dediksyon l yo
Revni w pa t touche te pi plis pase $1 250
Revni w te touche te pi plis pase $13 850
Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
  • $1 250, oswa
  • Revni w te touche (jiska $13 450) plis $400
Moun marye ki gen 65 an oswa plis Revni brit ou te $5 oswa plis epi konjwen w te depoze yon deklarasyon separeman, e li te detaye dediksyon l yo
Revni w pa t touche te pi plis pase $2 750
Revni w te touche te pi plis pase $15 350
Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
  • $2 750, oswa
  • Revni w te touche (jiska $13 450) plis $1 900

Depandan ki avèg:

Itilize tablo sa a si para w oswa yon lòt moun ka reklame w kòm depandan epi w avèg.

Si estati ranpli w se: Depoze yon deklarasyon enpo si nenpòt nan sa yo applike avè w:
Selibatè ki poko gen 65 an Revni w pa t touche te pi plis pase $3 100
Revni w te touche te pi plis pase $15 700
Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
  • $3 100, oswa
  • Revni w te touche (jiska $13 450) plis $2 250
Selibatè ki gen 65 an oswa plis Revni w pa t touche te pi plis pase $4 950
Revni w te touche te pi plis pase $17 550
Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
  • $4 950, oswa
  • Revni w te touche (jiska $13 450) plis $4 100
Moun marye ki poko gen 65 an Revni brit ou te $5 oswa plis epi konjwen w te depoze yon deklarasyon separeman, e li te detaye dediksyon l yo
Revni w pa t touche te pi plis pase $2 750
Revni w te touche te pi plis pase $15 350
Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
  • $2 750, oswa
  • Revni w te touche (jiska $13 450) plis $1 900
Moun marye ki gen 65 an oswa plis Revni brit ou te $5 oswa plis epi konjwen w te depoze yon deklarasyon separeman, e li te detaye dediksyon l yo
Revni w pa t touche te pi plis pase $4 250
Revni w te touche te pi plis pase $16 850
Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
  • $4 250, oswa
  • Revni w te touche (jiska $13 450) plis $3 400

Si w toujou pa sèten ou dwe ranpli

Gade si w bezwen ranpli: reponn kèk kesyon pou w konnen (an anglè)

Ranpli kanmenm menmsi w pa oblije fè sa

Menm si ou fè mwens pase revni ki nesesè pou ranpli, konsidere ranpli kanmenm. Ou ka jwenn yon ranbousman:

 Fason pou ranpli enpo ou: etap pa etap


Ki gen rapò

Revni enpozab
Estati ranpli
Piblikasyon 501 (2023), Depandan, Dediksyon Estanda, ak Enfòmasyon pou Ranpli (an anglè)