Skip to main content
Press Release

Depatman Lajistis la Siyen yon Akò avèk yon Distrik Lekòl Florida pou Pwoteje Dwa Sivil Elèv K ap Aprann Anglè yo

For Immediate Release
Office of Public Affairs

Jodi a, Depatman Lajistis la (Justice Department) te anonse yon akò règleman avèk Distrik Lekòl Konte Clay la (Clay County School District) nan Florida pou rezoud pwoblèm depatman an te jwenn yo nan pwogram distrik la pou elèv k ap apran anglè yo. 

Envestigasyon depatman an te jwenn distrik la pa t ofri elèv k ap aprann anglè yo ansèyman lang yo bezwen an pou yo vin fen nan anglè epi li pa t ofri paran ki pa pale anglè yo enfòmasyon enpòtan sou lekòl la nan yon lang yo te ka konprann.  Depatman an te konkli tou elèv k ap aprann anglè yo pa t ka patisipe yon fason valab nan kou matyè debaz yo, tankou matematik, syans ak syans sosyal, epi yo pa t resevwa sipò endividyalize pou etid ak pou konpòtman ki disponib pou lòt elèv yo. Devan defo sa yo, distrik la pa t pran mezi koreksyon rapid pou garanti aksè egal ego. 

“Elèv k ap aprann anglè yo gen dwa pou yo patisipe nan kou yo ansanm ak lòt elèv yo, epi lekòl yo dwe pran mezi ki nesesè yo pou fè dwa sa a vin yon reyalite,” Pwokirè Jeneral Adjwen an Kristen Clarke, ki nan Divizyon Dwa Sivil (Civil Rights Division) Depatman Lajistis la, te deklare. “Depatman Lajistis la pral kontinye fè lekòl yo rann kont lè yo pa respekte pwomès kolektif nou an sou zafè egalite. Akò sa a pral ede garanti pou elèv k ap aprann anglè yo nan Konte Clay resevwa zouti ki nesesè yo pou fè tout efò yo kapab epi reyisi nan saldeklas la.”

“Distrik lekòl yo dwe ofri elèv k ap aprann anglè yo sèvis ki apwopriye pou simonte baryè lang yo,” Avoka Etazini an, Roger Handberg, te deklare pou Distrik Santral Florida a. “Sa fè nou plezi dèske Distrik Lekòl Konte Clay la dakò aksepte obligasyon li genyen an pou li reponn bezwen nan lang moun k ap aprann anglè li yo yon fason pou elèv yo ka aprann anglè epi patisipe konplètman nan eksperyans edikatif distrik la. Aksè egal a opòtinite edikatif yo se yon bagay ki nan kè pwoteksyon dwa sivil yo pou lajenès nou an epi elèv yo gen dwa a aksè egal malgre baryè lang yo ta ka genyen.”

Distrik la te kopere nèt avèk envestigasyon depatman an epi, lè li te fin resevwa rezilta envestigasyon an, li te pran angajman amelyore sèvis li yo pou elèv k ap aprann anglè yo. Nan kad akò règleman an, distrik la te dakò revize politik li yo ak amelyore sèvis li yo pou elèv yo ka aprann anglè epi patisipe nèt nan eksperyans edikatif distrik la. 

Selon akò a, distrik la pral modifye pratik li yo pou yo ka evalye elèv k ap aprann anglè yo kòmsadwa epi idantifye yo touswit apre enskripsyon yo, epi ofri yo rapidman sèvis nan lang si yo kalifye pou yo ka gen chans benefisye yon fason egal ego sipò pou etid ak pou konpòtman yo ofri lòt elèv yo. Distrik la pral pran dispozisyon tou pou tout pwofesè yo ka kalifye, fòme epi resevwa kont sipò ak resous pou yo ede elèv k ap aprann anglè yo vin fen nan anglè epi vin konprann kou matyè debaz yo. Distrik la pral ofri tou tradiksyon ak entèpretasyon lang pou enfòmasyon lekòl enpòtan yo pou paran ki pa pale anglè kouraman. Depatman Lajistis la pral sipèvize jan distrik la aplike akò règleman an pandan pwochen kat ane lekòl yo.

Divizyon Dwa Sivil depatman an ak Biwo Pwokirè Etazini an pou Distrik Santral Florida a te mennen envestigasyon an nan tèt ansanm selon Lwa sou Chans Egal nan Zafè Edikasyon (Equal Educational Opportunities Act) 1974 la. 

Aplikasyon Lwa sou Chans Egal nan Zafè Edikasyon 1974 la se yon priyorite prensipal pou Divizyon Dwa Sivil la. W ap jwenn plis enfòmasyon sou Divizyon Dwa Sivil la sou sit entènèt li an nan www.justice.gov/crt, epi w ap jwenn plis enfòmasyon sou travay Seksyon Opòtinite Edikatif la (Educational Opportunities Section) nan www.justice.gov/crt/educational-opportunities-section.

Manm piblik la gen dwa rapòte vyolasyon posib dwa sivil nan civilrights.justice.gov/report/.

Akò Règleman.

Rezime Akò Règleman.

Updated October 30, 2023

Topic
Civil Rights
Press Release Number: 23-1200