Dwa travayè yo ak enpak kolaborasyon an

Yon fi ki jèn, k ap travay e ki gen yon kas sou tèt li ap souri, epi gen plizyè lòt travayè ki kanpe dèyè l.

Nan peyi Etazini, gen twòp travayè ki pa konnen ki dwa yo genyen oswa ki pè defann tèt yo paske yo panse yo gendwa revoke yo oswa menm depòte yo. Pwoblèm sa a pa annik afekte travayè sa yo ki merite pou yo travay nan lokal kote yo an sekirite epi pou yo jwenn yon salè ki jis pou tan yo, ni li pa afekte fanmi yo sèlman. Anfèt, pwoblèm sa a tou afekte patwon ki respekte lalwa yo paske patwon ki pa gen okenn prensip yo ap gate metye yo. 

Administrasyon Biden-Harris la ap travay di pou ede travayè yo defann tèt yo, pou ede yo egzèse dwa yo nan travay yo, epi pou fè anplwayè yo konprann ki responsablite yo genyen. Se pou rezon sa a n ap pase mesaj sa a pandan semèn sou dwa travayè yo pou 2024, ki pral dewoule soti 26 rive 30 out: nan peyi Etazini, TOUT travayè yo gen dwa anba lwa sou travay yo. Pwoteksyon sa yo aplike pou tout moun, kèlkeswa estati imigrasyon yo. 

Semèn sou dwa travayè yo se yon semèn ki dewoule chak ane, jis anvan jou fèt travay la. Pandan semèn sa a, Depatman Travay Etazini an travay nan tèt ansanm avèk anbasad Meksik la ak konsila l yo, avèk lòt anbasad etranje, tankou anbasad Gwatemala, Ondiras, Èl Salvadò ak Repiblik Dominikèn, avèk òganizasyon kominotè ak òganizasyon relijye, ansanm avèk lòt patnè nan gouvènman federal la ak nan gouvènman Eta yo pou fè pwomosyon pou dwa fondamantal travayè yo. Ane sa a, tèm nan se “Dwa, sante ak sekirite pou travayè yo: enpak kolaborasyon an”. Tèm sa a montre jan li enpòtan pou nou kolabore avèk patnè ki gen yon relasyon konfyans avèk travayè nou vle sèvi yo, sitou lè travayè sa yo fè fas ak anviwònman travay ki cho ak lòt danje ki ka touye yo. 

EMPLEO se yon bèl egzanp patenarya. Nan 20 ane ki sot pase yo, nou te travay nan tèt ansanm avèk plizyè konsila, òganizasyon ki pa gen objektif fè kòb ak lòt ajans gouvènman pou fè prèske 15,000 travayè rejwenn plis pase 15 milyon dola kòm salè yo te dwe yo. Epitou, ane sa a se pral 20yèm anivèsè pwogram patenarya konsilè a. Se Biwo Afè Travay Entènasyonal la, ki fè pati depatman nou an, k ap kowòdone pwogram sa a, epi Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay la, Divizyon Salè ak Èdtan an ak lòt ajans ankò enplike nan travay l ap fè a tou. Anplwaye biwo lokal nou yo travay avèk konsila lokal yo ak anpil lòt patnè pou moun k ap travay Ozetazini yo konprann ki dwa yo genyen e pou anplwayè yo jwenn konesans yo bezwen yo pou yo respekte lwa sou travay yo.

Èske ou ta renmen patisipe? Youn nan pi bon fason ou ka fè sa se enskri nan evènman sansibilizasyon ki fèt nan zòn ou an. Men kèk resous ou ka tcheke epi pataje sou Entènèt:

  • MigrantWorker.gov: Nou pran angajman pou ede tout kalite moun jwenn enfòmasyon. Nouvo sit Entènèt nou an disponib nan uit lang, sètadi anglè, arab, chinwa (senplifye), kreyòl ayisyen, panyòl, pòtigè, tagalòg ak vyetnamyen. Li ede travayè yo jwenn enfòmasyon sou anpil pwoblèm, tankou sa ki gen rapò ak salè yo, sekirite a, viza yo ak zak vanjans yo. 
  • Salè yo dwe travayè yo: Si nou mennen yon ankèt nan yon lokal kote moun ap travay epi nou remake travayè yo pa t jwenn tout salè yo te sipoze touche yo, n ap fè konpayi a ban nou kòb sa a. Nou kenbe kòb la pou twazan pandan nou eseye jwenn travayè yo. Apre twazan, nou oblije voye kòb la bay Depatman Trezò Etazini an. Itilize zouti Workers Owed Wages la, ki disponib nan lang anglè ak panyòl, pou konnen si ou menm oswa yon moun ou konnen gen yon salè yo dwe l nou jwenn pou li, epi pou mande epi resevwa kòb sa a.
  • Gid sou mesaj ki pou pase pandan semèn sou dwa travayè yo: Mesaj sa yo disponib nan lang anglè ak panyòl pou fè travayè yo konnen ki pwoteksyon ki enpòtan yo sipoze jwenn nan lokal kote y ap travay yo, pa egzanp sou fason yo ka rete an sekirite anba gwo chalè oswa sou fason yo ka jere yon menas pou yo fè vanjans sou yo.

Si w gen kesyon oswa si w bezwen yon èd ki gen rapò ak dwa travayè yo, san wete si w ta renmen depoze yon plent, rele nou nan 1-866-487-2365. Pèsonèl nou an ka ede w nan anpil lang.

Nou kolabore avèk patnè nou yo pandan tout ane a pou pou fè moun k ap travay yo jwenn jistis ak tretman ekitab. Tanpri vin jwenn nou pandan semèn sou dwa travayè yo pou ede tout moun nan kominote w la konprann ki dwa travayè yo genyen!

Julie Su se sekretè tanporè pou Depatman Travay la.